Ale nan kontni prensipal la

Pa .govPratik sivik endepandan — se pa yon sit wèb gouvènman Etazini.

USCivicsQuizPratik sivik

Tès 2025 · 128 kesyon

Gouvènman Ameriken — Kesyon Sivik 2025

Pratike kesyon USCIS sou Gouvènman Ameriken nan tès sivik 2025 la (128 kesyon).

75 kesyon sou paj sa a

  • Gratis · Pa enskripsyon · Kòmanse an kèk segonn
  • Konnen ki bank pou etidye: dat N-400 (2008 vs 2025) oswa 65/20
  • Kesyon USCIS ofisyèl · Odyo · Simulasyon entèvyou
  • Pratike nan plis pase 10 lang — pa sèlman angle

Kòmanse pratike an kèk segonn

Nou pa afilye ak, ni apwouve pa, USCIS oswa gouvènman Etazini an. Kesyon pratik yo se pou etid sèlman.

  1. Kesyon 1

    Ki fòm gouvènman Etazini genyen?

    • Repiblik
    • Repiblik federal ki baze sou yon konstitisyon
    • Demokrasi reprezantatif
  2. Kesyon 2★ 65/20

    Kisa ki lwa siprèm nan peyi a?

    • Konstitisyon (ETAZINI)
  3. Kesyon 3

    Nome yon bagay ke Konstitisyon Etazini an fè.

    • Fòme gouvènman an
    • Defini pouvwa gouvènman an
    • Defini pati gouvènman an
    • Pwoteje dwa pèp la
  4. Kesyon 4

    Konstitisyon Etazini an kòmanse ak mo "Nou menm pèp la." Kisa "Nou menm pèp la" vle di?

    • Oto-gouvènans
    • Souverènte popilè
    • Konsantman moun ki gouvène yo
    • Moun yo ta dwe dirije tèt yo.
    • (Egzanp de) kontra sosyal
  5. Kesyon 5

    Kijan yo fè chanjman nan Konstitisyon Etazini an?

    • Amandman yo
    • Pwosesis amandman an
  6. Kesyon 6

    Kisa Deklarasyon Dwa yo pwoteje?

    • Dwa (fondamantal) Ameriken yo
    • Dwa (fondamantal) moun ki ap viv Etazini
  7. Kesyon 7★ 65/20

    Konbyen amandman Konstitisyon Etazini an genyen?

    • Vennsèt (27)
  8. Kesyon 8

    Poukisa Deklarasyon Endepandans lan enpòtan?

    • Li di Amerik libere anba kontwòl Britanik.
    • Li di ke tout moun kreye egal.
    • Li idantifye dwa natirèl.
    • Li idantifye libète endividyèl.
  9. Kesyon 9

    Ki dokiman fondatè ki te deklare koloni Ameriken yo te libere anba Grann Bretay?

    • Deklarasyon Endepandans
  10. Kesyon 10

    Nonmen de lide enpòtan ki soti nan Deklarasyon Endepandans ak Konstitisyon Etazini.

    • Egalite
    • Libète
    • Kontra sosyal
    • Dwa natirèl yo
    • Gouvènman limite
    • Oto-gouvènans
  11. Kesyon 11

    Mo "Lavi, Libète ak pouswit Bonè" yo nan ki dokiman fondatè?

    • Deklarasyon Endepandans
  12. Kesyon 12★ 65/20

    Ki sistèm ekonomik peyi Etazini an?

    • Kapitalis
    • Ekonomi mache lib
  13. Kesyon 13

    Kisa règ lalwa a ye?

    • Tout moun dwe respekte lalwa.
    • Dirijan yo dwe obeyi lalwa a.
    • Gouvènman an dwe obeyi lalwa.
    • Pa gen moun ki pi wo pase lalwa.
  14. Kesyon 14

    Anpil dokiman te enfliyanse Konstitisyon Etazini an. Nonmen youn.

    • Deklarasyon Endepandans
    • Atik Konfederasyon yo
    • Papye Federalis yo
    • Papye Anti-Federalis yo
    • Deklarasyon Dwa Virginia yo
    • Lòd Fondamantal Connecticut
    • Angajman Mayflower an
    • Gran Lwa Lapè Iroquois
  15. Kesyon 15

    Gen twa branch nan gouvènman an. Poukisa?

    • Pou yon pati pa vin twò pwisan
    • Kontwòl ak ekilib
    • Separasyon pouvwa
  16. Kesyon 16

    Nonme twa branch gouvènman yo.

    • Lejislatif, egzekitif, ak jidisyè
    • Kongrè, prezidan, ak tribinal yo
  17. Kesyon 17

    Prezidan Etazini an responsab ki branch gouvènman an?

    • Branch egzekitif la
  18. Kesyon 18

    Ki pati nan gouvènman federal la ki ekri lwa yo?

    • Kongrè (AMERIKEN)
    • lejislati (Etazini oswa nasyonal)
    • Branch lejislatif la
  19. Kesyon 19

    Ki de pati ki fòme Kongrè Etazini an?

    • Sena ak Chanm Depite (Reprezantan yo)
  20. Kesyon 20★ 65/20

    Site yon pouvwa Kongrè Etazini an.

    • Ekri lwa yo.
    • Deklare lagè
    • Prepare bidjè federal la
  21. Kesyon 21

    Konbyen senatè Ameriken ki genyen?

    • Yon santèn (100)
  22. Kesyon 22

    Konbyen tan yon manda yon senatè Ameriken dire?

    • Sis (6) lane
  23. Kesyon 23

    Kiyès ki youn nan senatè Ameriken nan eta ou kounye a?

    • Repons yo pral varye. [Rezidan Distri Columbia ak rezidan teritwa Ameriken yo ta dwe reponn ke D.C. (oswa teritwa kote kandida an ap viv) pa gen okenn senatè Ameriken.]
  24. Kesyon 24

    Konbyen manm ki gen dwa vote nan Chanm Reprezantan an?

    • Katsan trant-senk (435)
  25. Kesyon 25

    Konbyen tan yonmanda yon manm nan Chanm Reprezatan an dire?

    • De (2) lane
  26. Kesyon 26

    Poukisa reprezantan Ameriken yo sèvi pou yon tèm ki pi kout pase senatè Ameriken yo?

    • Pou pi byen swiv opinyon piblik la
  27. Kesyon 27

    Konbyen senatè chak eta genyen?

    • De (2)
  28. Kesyon 28

    Poukisa chak eta gen de senatè?

    • Reprezantasyon egal (pou ti eta yo)
    • Gran Konpwomi an (Konpwomi Connecticut)
  29. Kesyon 29

    Nome reprezantan Ameriken ou.

    • Repons yo pral varye. [Moun ki abite nan teritwa ki gen Delege ki pa gen dwa vote oswa Komisyonè rezidan yo ka nonmen Delege oswa Komisyonè sa a. Sa ki akseptab tou se nenpòt deklarasyon ki di ke teritwa a pa gen okenn reprezantan (ki gen dwa vote) nan Kongrè a.]
  30. Kesyon 30★ 65/20

    Kijan yo rele Oratè Chanm Reprezantan an kounye a?

    • Vizite uscis.gov/citizenship/testupdates pou non Oratè Chanm Depite yo.
  31. Kesyon 31

    Ki moun yon senatè Ameriken reprezante?

    • Sitwayen eta yo
    • Moun nan eta yo
  32. Kesyon 32

    Ki moun ki eli senatè Ameriken yo?

    • Sitwayen ki sòti nan eta yo
  33. Kesyon 33

    Kiyès yon manm nan Chanm Reprezantan yo reprezante?

    • Sitwayen nan distri (kongrèsyonèl) yo
    • Sitwayen nan distri yo
    • Moun ki soti nan distri (kongrèsyonèl) yo
    • Moun ki nan distri yo
  34. Kesyon 34

    Kiyès ki eli manm Chanm Reprezantan yo?

    • Sitwayen ki sòti nan distri (kongrèsyonèl) yo
  35. Kesyon 35

    Gen kèk eta ki gen plis reprezantan pase lòt eta. Poukisa?

    • (Akoz de) popilasyon Eta a
    • (Paske) yo gen plis moun
    • (Paske) gen kèk eta ki gen plis moun
  36. Kesyon 36★ 65/20

    Prezidan Etazini eli pou konbyen lane?

    • Kat (4) lane
  37. Kesyon 37

    Prezidan Etazini an ka sèvi sèlman pou de manda. Poukisa?

    • (Akòz) 22yèm Amandman an
    • Pou anpeche prezidan an vin twò pwisan
  38. Kesyon 38★ 65/20

    Ki non prezidan Etazini an kounye a?

    • Vizite uscis.gov/citizenship/testupdates pou non Prezidan Etazini an.
  39. Kesyon 39★ 65/20

    Ki non Vis Prezidan Etazini kounye a ye?

    • Vizite uscis.gov/citizenship/testupdates pou non Vis Prezidan Etazini an
  40. Kesyon 40

    Si prezidan an pa ka sèvi ankò, kiyès ki vin prezidan?

    • Vis Prezidan (Etazini an)
  41. Kesyon 41

    Site yon pouvwa prezidan an.

    • Siyen pwopozisyon yo pou yo tounen lwa
    • Gen dwa refize siyen pwopozisyon yo
    • Fè respekte lalwa yo
    • Kòmandan an chèf (nan lame a)
    • Chèf diplomat
    • Nonmen jij federal yo
  42. Kesyon 42

    Ki moun ki kòmandan an chèf nan lame Ameriken an?

    • Prezidan an (Etazini)
  43. Kesyon 43

    Kiyès ki siyen pwpozisyon yo pou yo vin lwa?

    • Prezidan an (Etazini)
  44. Kesyon 44★ 65/20

    Kiyès ki gen dwa refize siyen pwopozisyon yo?

    • Prezidan an (Etazini)
  45. Kesyon 45

    Ki moun ki nonmen jij federal yo?

    • Prezidan an (Etazini)
  46. Kesyon 46

    Branch egzekitif la gen anpil pati. Nonmen youn.

    • Prezidan (Etazini)
    • Kabinè
    • Depatman ak ajans federal yo
  47. Kesyon 47

    Kisa Kabinè Prezidan an fè?

    • Bay Prezidan an konsèy (Etazini)
  48. Kesyon 48

    Ki de pozisyon ki nan nivo Kabinè?

    • Pwokirè Jeneral
    • Sekretè Agrikilti
    • Sekretè Komès
    • Sekretè Defans
    • Sekretè Edikasyon
    • Sekretè Enèji
    • Sekretè Sante ak Sèvis Imèn
    • Sekretè Depatman Sekirite Enteryè
    • Sekretè Lojman ak Devlopman Vil yo
    • Sekretè Zafè Entèn
    • Sekretè Travay
    • Sekretè Deta
    • Sekretè Transpò Piblik
    • Sekretè Trezò
    • Sekretè Zafè Veteran yo
    • Vis Prezidan (Etazini)
    • Administratè Ajans Pwoteksyon Anviwònman an
    • Administratè Administrasyon Ti Biznis la
    • Direktè Ajans Santral Entèlijans lan
    • Direktè Biwo Jesyon ak Bidjè
    • Direktè Entèlijans Nasyonal
    • Reprezantan Komès Etazini
  49. Kesyon 49

    Poukisa Kolèj Elektoral la enpòtan?

    • Li deside ki moun ki eli prezidan.
    • Li ofri yon konpwomi ant eleksyon popilè prezidan an ak seleksyon pa kongrè a.
  50. Kesyon 50

    Kisa ki yon pati nan branch jidisyè a?

    • Lakou Siprèm
    • Tribinal Federal yo
  51. Kesyon 51

    Kisa branch jidisyè a fè?

    • Revize lwa yo
    • Esplike lwa yo.
    • Rezoud konfli (dezakò) sou lalwa.
    • Deside si yon lwa vyole Konstitisyon (Etazini) an.
  52. Kesyon 52★ 65/20

    Ki tribinal ki pi wo nan peyi Etazini?

    • Lakou Siprèm
  53. Kesyon 53

    Konbyen plas ki genyen nan Lakou Siprèm nan?

    • nèf (9)
  54. Kesyon 54

    Konbyen jij nan Lakou Siprèm ki nesesè anjeneral pou deside yon ka?

    • Senk (5)
  55. Kesyon 55

    Konbyen tan jij Lakou Siprèm yo sèvi?

    • (Pou) lavi
    • Nominasyon pou tout lavi
    • (Jiska) retrèt
  56. Kesyon 56

    Supreme Court justices serve for life. Why?

    • To be independent (of politics)
    • To limit outside (political) influence
  57. Kesyon 57

    Kilès ki premye jij Lakou Siprèm Etazini kounye a?

    • Vizite uscis.gov/citizenship/testupdates pou non Chèf Jistis Etazini an
  58. Kesyon 58

    Nonmen yon pouvwa ki se sèlman pou gouvènman federal la.

    • Enprime lajan papye
    • Fabrike pyès monnen
    • Deklare lagè
    • Kreye yon lame
    • Fè akò
    • Etabli politik etranje
  59. Kesyon 59

    Nonmen yon pouvwa ki se sèlman pou eta yo.

    • Bay edikasyon ak lekòl
    • Bay pwoteksyon (lapolis)
    • Asire sekirite (depatman pompye)
    • Bay yon lisans chofè
    • Apwouve zonaj ak itilizasyon tè
  60. Kesyon 60

    Ki objektif Amandman 10 la?

    • (Li deklare ke) pouvwa ki pa atribye a gouvènman federal la se pou eta yo oswa pou pèp la.
  61. Kesyon 61★ 65/20

    Kiyès ki gouvènè eta w la kounye a?

    • Repons yo pral varye. [Rezidan Distrik Columbia yo ta dwe reponn ke D.C. pa gen yon gouvènè.]
  62. Kesyon 62

    Ki kapital eta ou a?

    • Repons yo pral varye. [Rezidan Distri Columbia yo ta dwe reponn ke D.C. se pa yon eta epi li pa gen yon kapital. Moun ki abite nan teritwa Ameriken yo ta nonmen kapital teritwa a.
  63. Kesyon 63

    Gen kat amandman nan Konstitisyon Etazini an sou ki moun ki ka vote. Dekri youn nan yo.

    • Sitwayen ki gen dizwit (18) lane oswa plis (ka vote.)
    • Ou pa oblije peye (yon taks pou vote) pou vote.
    • Nenpòt sitwayen ka vote. (Fanm ak gason ka vote.)
    • Yon sitwayen gason nan nenpòt ras (ka vote).
  64. Kesyon 64

    Kiyès ki ka vote nan eleksyon federal, poze kandidati pou yon pòs federal, epi sèvi nan yon jiri nan Etazini?

    • Sitwayen yo
    • Sitwayen peyi Etazini yo
    • Sitwayen Ameriken yo
  65. Kesyon 65

    Ki twa dwa tout moun ki ap viv nan Etazini genyen?

    • Libète ekspresyon
    • Libète lapawòl
    • Libète pou rasanble
    • Libète pou fè petisyon bay gouvènman an
    • Libète relijyon
    • Dwa pou pote zam
  66. Kesyon 66★ 65/20

    Anvè kisa nou montre fidelite lè nou recite Sèman Fidelite a?

    • Etazini
    • Drapo a
  67. Kesyon 67

    Nonmen de pwomès ke nouvo sitwayen yo fè nan Sèman Fidelite a.

    • Renonse fidelite ou anvè lòt peyi yo
    • Defann Konstitisyon (Etazini) an
    • Obeyi lwa Etazini yo
    • Sèvi nan lame a (si sa nesesè)
    • Sèvi (ede, fè travay enpòtan pou) nasyon an (si sa nesesè)
    • Pou w rete fidèl ak Etazini
  68. Kesyon 68

    Kijan moun ka vin sitwayen Etazini?

    • Dwe fèt nan peyi Etazini, anba kondisyon ki etabli pa 14zyèm Amandman lan
    • Natiralize
    • Rive jwenn sitwayènte (dapre kondisyon Kongrè etabli
  69. Kesyon 69

    Ki de egzanp patisipasyon sivik ki genyen Etazini?

    • Vote
    • Poze kandidati pou yon pòs
    • Antre nan yon pati politik
    • Bay èd nan yon kanpay
    • Antre nan yon gwoup sivik
    • Antre nan yon gwoup kominotè
    • Bay yon ofisyèl eli opinyon ou (sou yon sijè)
    • Kontakte ofisyèl eli yo.
    • Sipòte oswa opoze yon sijè oswa yon politik
    • Ekri yon lèt bay yon jounal
  70. Kesyon 70

    Kijan yon Ameriken ka sèvi peyi li?

    • Vote
    • Peye taks yo
    • Obeyilalwa
    • Sèvi nan lame a
    • Poze kandidati pou yon pòs
    • Travay pou gouvènman lokal, leta, oswa federal
  71. Kesyon 71

    Poukisa li enpòtan pou w peye taks federal yo?

    • Obligatwa dapre lalwa
    • Tout moun kontribye pou finanse gouvènman federal la
    • Egzije pa Konstitisyon Etazini (16yèm Amandman)
    • Devwa sivik
  72. Kesyon 72

    It is important for all men age 18 through 25 to register for the Selective Service. Name one reason why.

    • Required by law
    • Civic duty
    • Makes the draft fair, if needed
  73. Kesyon 73

    Kolon yo te vini nan Amerik pou anpil rezon. Nome youn.

    • Libète
    • Libète politik
    • Libète relijyon
    • Opòtinite ekonomik
    • Chape anba pèsekisyon
  74. Kesyon 74★ 65/20

    Kiyès ki te viv nan Amerik la anvan Ewopeyen yo te rive?

    • Ameriken ki gen orijin Endyen
    • Ameriken Natif Natal
  75. Kesyon 75

    Ki gwoup moun yo te pran epi vann kòm esklav?

    • Afriken yo
    • Moun ki sòti an Afrik

Louvri pratik entèraktif la · Jwenn vèsyon mwen · Mizajou · Tout paj kesyon yo · Gid