Tès 2008 · 100 kesyon
Gouvènman Ameriken — Kesyon Sivik 2008
Pratike kesyon sou Gouvènman Ameriken nan tès sivik 2008 la (100 kesyon).
57 kesyon sou paj sa a
- Gratis · Pa enskripsyon · Kòmanse an kèk segonn
- Konnen ki bank pou etidye: dat N-400 (2008 vs 2025) oswa 65/20
- Kesyon USCIS ofisyèl · Odyo · Simulasyon entèvyou
- Pratike nan plis pase 10 lang — pa sèlman angle
Nou pa afilye ak, ni apwouve pa, USCIS oswa gouvènman Etazini an. Kesyon pratik yo se pou etid sèlman.
Kesyon 1
Ki jan yo rele pi gwo lwa peyi a?
- • Konstitisyon
Kesyon 2
Ki sa konstitisyon fè?
- • Mete gouvѐnman an plas
- • Eksplike pozisyon gouvѐnman an
- • Pwoteje dwa esansyel pèp ameriken an
Kesyon 3
Lide nou kapab gouvѐne tѐt nou an se twa (3) premye mo nan Konstitisyon an. Ki twa (3) premye mo sa yo?
- • Nou menm pѐp la
Kesyon 4
Ki sa yon amandman ye?
- • Yon bagay ke yo chanje (nan Konstitisyon an)
- • Yon bagay ke yo ajoute (nan Konstitisyon an)
Kesyon 5
Kijan yo rele 10 (dis) premye amandman nan Konstitisyon an?
- • Deklarasyon dwa yo
Kesyon 6★ 65/20
Di’m yon dwa oswa yon libѐte ki nan Premye Amandman an?
- • lapawòl
- • Relijyon
- • Rasanbleman Si’w gen 65 (swasannsenk) an oswa plis epi ou gen rezidans ou nan Etazini depi 20 (ven) tan oswa plis, ou ka etidye sѐlman kesyon ki gen ti zetwal bo kote yo an. -1-
- • Laprѐs
- • Mande gouvѐnman an pou li di’w sa’k ap pase
Kesyon 7
Konbyen amandman ki gen nan Konstitisyon an?
- • 27 (Vennsѐt)
Kesyon 8
Ki sa Deklarasyon Endepandans lan te fѐ?
- • Anonse endepandans nou (nan men Grann Bretay)
- • Deklare endepandans nou (nan men Grann Bretay)
- • Fè konnen ke Etazini pran libѐte’l (nan men Grann Bretay)
Kesyon 9
Di’m de dwa ki nan Deklarasyon Endepandans lan?
- • Lavi
- • Libѐte
- • Chѐche kѐ kontan
Kesyon 10
Ki sa libѐte relijyon vle di?
- • Ou ka pratike nenpòt ki relijyon, oswa pa pratike okenn relijyon
Kesyon 11★ 65/20
Ki jan yo rele sistѐm ekonomik peyi Etazini an?
- • Ekonomi Kapitalis
- • Ekonomi Makѐt
Kesyon 12
Kisa « regleman lalwa » vle di?
- • Tout moun dwe swiv lalwa
- • Lidѐ yo dwe obeyi lalwa
- • Gouvѐnman an dwe obeyi lalwa
- • Pa gen moun ki sou tèt lalwa
Kesyon 13★ 65/20
Di’m non yon branch oswa yon pati nan gouvѐnman an?
- • Palman an/kongrè
- • Lejislatif
- • Prezidan
- • Egzekitif
- • Tribinal yo
- • Jidisyѐ
Kesyon 14
Ki sa ki anpeche yon branch nan gouvѐnman an vin gen twòp pouvwa?
- • Tchѐk ak balans
- • Separasyon pouvwa yo
Kesyon 15
Ki moun ki responsab branch egzekitif la?
- • Prezidan an
Kesyon 16
Ki moun ki fè lwa federal yo?
- • Palman an
- • Sena a ak Lachanm (depite)
- • Lejislati (ameriken oswa nasyonal) Si’w gen 65 (swasannsenk) an oswa plis epi ou gen rezidans ou nan Etazini depi 20 (ven) tan oswa plis, ou ka etidye sѐlman kesyon ki gen ti zetwal bo kote yo an. -2-
Kesyon 17★ 65/20
Ki de pati ki gen nan Palman Etazini an?
- • Sena ak Chanm Depite
Kesyon 18
Konbyen senatѐ ameriken ki genyen?
- • 100 (san)
Kesyon 19
Pou konbyen tan nou mete senatѐ yo?
- • 6 (sis) zan
Kesyon 20★ 65/20
Di’m non youn nan senatѐ nan Eta kote ou rete kounyen a?
- • Repons a ap varye [Moun ki rete nan Washington D.C ak lòt teritwa ameriken yo dwe konnen ke zòn sa yo pa gen senatѐ ameriken]
Kesyon 21
Konbyen manb ki ka vote ki gen nan La Chanm?
- • 435 (Kat san trant senk)
Kesyon 22
Pou konbyen tan nou mete depite ameriken yo?
- • 2 (De) zan
Kesyon 23
Di’m non depite ki reprezante zòn ou an?
- • Repons sa ap varye [Moun ki rete nan teritwa ki gen delege ak komisѐ ki pa gen dwa vote yo kapab bay non delege oswa komisѐ yo. Y’ap aksepte tou si moun nan di teritwa li a (pa genyen) depite ki ka vote nan Lachanm
Kesyon 24
Ki moun yon senatѐ ameriken reprezante?
- • Tout moun ki rete nan Eta sa
Kesyon 25
Pou ki sa gen eta ki gen plis depite ke yon lòt?
- • Akòz de popilasyon eta a
- • Paske gen plis moun
- • Paske gen eta ki gen plis moun
Kesyon 26
Pou konbyen tan nou mete yon prezidan?
- • 4 (Kat)
Kesyon 27★ 65/20
Nan ki mwa nou vote pou prezidan?
- • Novanm
Kesyon 28★ 65/20
Ki jan yo rele moun ki prezidan Etazini kounyen an?
- • Ale sou sit saa uscis.gov/citizenship/testupdates pou’w ka wѐ non prezidan Etazini an
Kesyon 29
Ki jan yo rele moun ki vis-prezidan Etazini kounyen an?
- • Ale sou sit saa uscis.gov/citizenship/testupdates pou’w ka wѐ non vis-prezidan Etazini an
Kesyon 30
Si prezidan an pa ka sèvi peyi ankò, ki moun k’ap ranplase’l?
- • Vis-presidan an
Kesyon 31
Si prezidan an ak vis-prezidan an pa ka sèvi peyi ankò ki moun k’ap ranplase yo?
- • Prezidan Lachanm nan
Kesyon 32
Ki moun ki kòmandan an chѐf lame a?
- • Prezidan an
Kesyon 33
Ki moun ki siyen pwojè lwa yo ki vin tounen lwa?
- • Prezidan Si’w gen 65 (swasannsenk) an oswa plis epi ou gen rezidans ou nan Etazini depi 20 (ven) tan oswa plis, ou ka etidye sѐlman kesyon ki gen ti zetwal bo kote yo an. -3-
Kesyon 34
Ki moun ki ka rejte pwojè lwa yo?
- • Prezidan
Kesyon 35
Ki ròl Kabinѐ Prezidan an?
- • Bay Prezidan an konsѐy
Kesyon 36
ban’ m non 2 (de) pòs nan kabinѐ a?
- • Minis Agrikilti
- • Minis Komѐs
- • Minis Defans
- • Minis Edikasyon
- • Minis Enѐji
- • Minis Sante ak Sѐvis Imen
- • Minis Sekirite Enteryѐ
- • Minis Lojman ak Devlopman vil yo
- • Minis Enteryѐ
- • Minis Travay
- • Sekretѐ d’Eta
- • Minis Transpò
- • Minis Finans
- • Minis Zafѐ Veteran yo
- • Minis Jistis
- • Vis-prezidan
Kesyon 37
Ki sa branch jidisyѐ a fè?
- • Revise lwa yo
- • Eksplike lwa yo
- • Rezoud diskisyon (dezagreman)
- • Deside si yon lwa pa an akò ak konstitisyon an
Kesyon 38
Ki jan yo rele pi gwo tribinal Etazini an?
- • Tribinal Siprѐm
Kesyon 39
Kombyen jij ki genyen nan Tribinal Siprѐm nan?
- • Ale sou sit saa uscis.gov/citizenship/testupdates pou’w ka wѐ konbyen jij ki genyen nan Tribinal Siprѐm nan
Kesyon 40
Ki jan yo rele Jij an Chѐf Tribinal Siprѐm nan?
- • Ale sou sit saa: uscis.gov/citizenship/testupdates pou’w ka wѐ non Jij an Chѐf Tribinal Siprѐm nan
Kesyon 41
Nan konstitisyon nou an, gen de pouvwa ke gouvѐnman federal genyen. Di’m yon pouvwa gouvѐnman federal la genyen?
- • Enprime lajan
- • Deklare lagѐ
- • Kreye on lame
- • Siyen akò
Kesyon 42
Nan konstitisyon nou an, gen de pouvwa ke eta yo genyen. Di’m yon pouvwa eta yo genyen?
- • Bay lekòl ak enstriksyon
- • Bay pwoteksyon (lapolis)
- • Bay sekirite kont danje (ponpye)
- • Bay lisans pou kondwi
- • Bay otorization pou itilize zòn yo ak tè yo Si’w gen 65 (swasannsenk) an oswa plis epi ou gen rezidans ou nan Etazini depi 20 (ven) tan oswa plis, ou ka etidye sѐlman kesyon ki gen ti zetwal bo kote yo an. -4-
Kesyon 43
Ki jan yo rele gouvѐnѐ Eta kote ou rete a?
- • Repons sa ap varye. [Moun ki rete Washington D.C sipoze reponn: D.C pa gen gouvѐnѐ]
Kesyon 44★ 65/20
Ki jan yo rele kapital Eta ou rete a?
- • Repons kesyon sa ap varye. [Moun ki rete Washington D.C sipoze reponn: D.C pa yo Eta, li pa gen kapital. Moun ki rete nan teritwa ameriken yo sipoze bay non kapital teritwa a.]
Kesyon 45★ 65/20
Ki jan yo rele 2 (de) pi gwo pati politik ki gen nan Etazini an?
- • Democrat ak Repibliken
Kesyon 46
Nan ki pati politik prezidan an sòti?
- • Ale sou sit sa: uscis.gov/citizenship/testupdates pou’w ka wѐ pati politik prezidan an
Kesyon 47
Ki jan yo rele Prezidan LaChanm nan?
- • Ale sou sit sa: uscis.gov/citizenship/testupdates pou’w kapab wѐ ki jan prezidan LaChanm nan rele
Kesyon 48
Gen 4 (kat) amandman nan konstitisyon an ki pale de ki moun ki ka vote. Di’m youn ladan yo?
- • Moun ki ameriken ki gen 18 (dizuit)an oswa plis (kapab vote)
- • Ou pa oblije peye (taks pou pase) pou’w vote
- • Nenpòt moun ki ameriken kapab vote (Fi kou gason kapab vote)
- • Yon gason ki ameriken kelke swa koulè li (kapab vote)
Kesyon 49★ 65/20
Di’m yon responsabilite ki sѐlman pou moun ki ameriken?
- • Sèvi kòm manm jiri
- • Vote nan eleksyon federal
Kesyon 50
Di’m yon dwa ke sѐl moun ki ameriken genyen?
- • Vote nan eleksyon federal
- • Aplike pou pozisyon federal
Kesyon 51
Di’m 2 (de) dwa oswa libète tout moun k’ap viv nan Etazini genyen?
- • Libѐte pou di sa lide’w di’w
- • Libѐte pou pale
- • Libѐte pou rasanble
- • Libѐte pou mande pou gouvѐnman di’w sa kap pase
- • Libѐte relijyon
- • Dwa pou pote zam
Kesyon 52
Anvè ki sa nou montre fidelite nou lè nap resite “Sèman ki montre atachman nou”?
- • Etazini
- • Drapo a
Kesyon 53
Di’m yon pwomѐs ou fè lè’w vin yon ameriken?
- • Renonse fidѐlite’w ak lòt peyi
- • Defann konstitisyon an ak lwa Etazini yo
- • Obeyi lwa Etazini yo
- • Sѐvi nan lame ameriken (si li nesesѐ)
- • Sѐvi (fè travay enpòtan pou) peyi an (si li nesesѐ)
- • Kanpe ak Etazini Si’w gen 65 (swasannsenk) an oswa plis epi ou gen rezidans ou nan Etazini depi 20 (ven) tan oswa plis, ou ka etidye sѐlman kesyon ki gen ti zetwal bo kote yo an. -5-
Kesyon 54★ 65/20
Ki laj pou yon ameriken gen pou’l ka vote pou prezidan?
- • 18 (Dizuit) an oswa plis
Kesyon 55
Ki 2 (de) jan ameriken ka patisipe nan demokrasi yo?
- • Vote
- • Rantre nan yon pati politik
- • Ede nan kanpay
- • Rantre nan yon gwoup sivik
- • Rante nan yon gwoup kominotѐ
- • Pataje opinion’w ak otorite yo sou yon pwoblèm
- • Rele senatѐ ak depite yo
- • Sipòte oubyen opoze yon desizyon ou yon pwoblèm, piblikman
- • Poze kandidati’w pou pòs nan gouvènman an
- • Ekri jounal yo
Kesyon 56★ 65/20
Ki dѐnye jou pou yon moun ka voye papye taks ou ale?
- • 15 (kenz) avril
Kesyon 57
A ki laj tout gason dwe enskri pou lame?
- • Lè li gen 18 (dizuit) an
- • Ant 18 (dizuit) ak 26 (vennsis) zan ISTW A AMERIKEN
Louvri pratik entèraktif la · Jwenn vèsyon mwen · Mizajou · Tout paj kesyon yo · Gid